HABACUC
1
1 ✡És 13:1Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. 2 ✡Sòm 13:1,2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou ✡Jr 14:9 pa delivre. 3 Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se ✡Jr 20:8destriksyon ak vyolans ki devan mwen; ✡Jr 15:10 gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. 4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.✡Sòm 58:1,2; És 5:20
5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. 6 Paske, gade byen, Mwen ap ✡II Wa 24:2leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou ✡Jr 8:10 sezi kote ki pa pou yo. 7 Yo plen tout moun ak gwo ✡És 18:2,7laperèz, ak lakrent. ✡Jr 39:5-9 Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. 8 ✡Jr 4:13Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke ✡So 3:3 lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. 9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo ✡II Wa 12:17 se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. 10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. 11 Tankou ✡Jr 2:3 van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman ✡Jr 4:11koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. 13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?✡Sòm 50:21; Sòm 35:25 14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? 15 Pou Kaldeyen yo, yo ✡Jr 16:16 rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo ✡Sòm 10:9rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. 16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. 17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye ✡És 14:5,6 detwi nasyon yo san mizerikòd?

✡1:1 És 13:1

✡1:2 Sòm 13:1,2

✡1:2 Jr 14:9

✡1:3 Jr 20:8

✡1:3 Jr 15:10

✡1:4 Sòm 58:1,2; És 5:20

✡1:6 II Wa 24:2

✡1:6 Jr 8:10

✡1:7 És 18:2,7

✡1:7 Jr 39:5-9

✡1:8 Jr 4:13

✡1:8 So 3:3

✡1:9 II Wa 12:17

✡1:11 Jr 2:3

✡1:11 Jr 4:11

✡1:13 Sòm 50:21; Sòm 35:25

✡1:15 Jr 16:16

✡1:15 Sòm 10:9

✡1:17 És 14:5,6